MESAJ O.R.P.A. OGANIZASYON REVOLISYONE PWOLETARYEN AYISYEN "...nou dwe chwazi e bati kan nou ak fds otondm nou kit se nan peyi d Ayiti, kit se nan emigrasyon an. Se sel chimen pou nou rive twoke kdn ak lenmiyo..." MESAJ K.I.L.I. KOMITE INITE LIT INITE 28 jiye 1992 ENTWODIKSYON Edisyon I.N.I.P. (Ide Nouvel, Ide Pwolete), ap prezante deklarasyon 2 oganizasyon alokazyon 28 jiye 1992: deklarasyon O.R.P.A. (Oganizasyon Revolisyone Pwoletaryen Ayisyen) ak deklarasyon K.I.L.I. (Komite Inite Lit Inite). Tou 2 deklarasyon sa yo ka pemet nou we ki pozisyon oganizasyon sa yo pran sou sitiyasyon aktyel la nan peyi nou an. Se nan goumen yon pep aprann goumen. Nan tout lit gen bay kou, gen pran kou, kidonk fok ou konn bay kou, epi fok ou konn pare kou. Nan jounen jodi a, lit pep ayisyen an rive nan yon kalfou enpotan. Fok li aprann tire leson de tout lit li yo. Depi an 86, gen yon kokenn devlopman nan lit pep ayisyen an. Mas popile yo patisipe nan anpil lit, yo goumen ak anpil kouraj, e yo ranpote kek viktwa etonan. A tout sa, lit pep ayisyen an fek ap rederape. Soti 86 rive kounye a, mank kapasite mas yo pou elabore liy politik otonom pa yo e mank kapasite mas yo pou konstwi oganizasyon djanm pa yo lakoz anpil fo pa fet nan lit yo. Se konsa tou, yon bann politichen ak yon ekip lide tiboujwa rive pran direksyon anpil nan lit mas popile yo e fe lit sa yo devye. Kidonk, mas yo gen anpil esperyans pou yo fe toujou. Fok yo tire leson, fok yo aprann defini yon liy politk ki koresponn a entere objektif yo. Fok mas yo aprann kouman pou konstwi oganizasyon pa yo, oganizasyon djanm, ki ka twoke kon ak lenmi yo nan nempdt ki kondisyon. Kesyon sila a montre enpotans pou mas yo kenbe vijilans yo byen wo, pou mas yo devlope kapasite yo pou dirije pwop tet yo nan entere pa yo. Se nan kad sa a nou rejwenn enpotans patisipasyon oganizasyon revolisyone yo anndan mas yo, nan mitan batay mas yo ap mennen yo a tout nivo yo. Se nan konteks sa a, nou rejwenn deklarasyon 2 oganizasyon sa yo. Globalman, nou menm nan I.N.I.P. nou dako ak pozisyon ki paret nan deklarasyon sa yo. N ap pwofite entwodiksyon sa a tou pou nou fe paret pozisyon nou parapo a kek kesyon ki gen tout enpotans yo nan konjonkti aktyel la. N ap rete sou 3 gwo pwen: 1- Apre 9 mwa negosyasyon-dilatwa anba yon anbago-paswa, fos enpasyans, yon gwo doz ideyalis, avek yon antetman opotinis vin bay yon nouvo moddd: se moddd anbago total la. Li kle, gen yon bon kantite patriyot sense ki kwe moddd sa a korek, menm si sou yon lot bo, gen yon bon kantite politisyen opotinis ki refijye ko yo ladann tou. A tout sa, nou pa ka pran lalin pou fwomaj, pa gen tonton nwel. Se enperyalis meriken an ki kontwole anbago a, menm jan li kontwole blokis Kiba a. Enperyalis meriken an ap sevi ak anbago a pou I fe ansot ke solisyon koudeta a nan entere I. Se konsa li rive sevi ak anbago a pou li enpoze Bazen kdm premye minis. Se konsa, pi devan, li ka rive sevi ak leve anbago a pou li kore Bazen kdm premye minis. Pep ayisyen an pa ka konte sou enperyalis Ian pou fe I jwenn yon demokrasi tout bon vre. Sa se ilizyon, se ideyalis enkonsyan, osinon bo kot politisyen yo se opotinis malveyan. Yon sel solisyon, se oganizasyon rezistans popile pou dev- lope lit otonom mas yo jouk mayi mi, jouk mas yo rive pran direksyon peyi an nan men yo. 2- Objektif modod anbago total la se retou Aristid, e retou a lod konsti tisyonel Ian. Nou dwe kle, esperyans 7 mwa gouvenman Lavalas la mon- tre nou kleman solisyon pwoblem pep ayisyen an pa chita nan konstitisy- on an, li pa nan eleksyon. Nou pa ka ap goumen pou n fe bak: se pa ni nan eleksyon ni nan konstitisyon, ni nan lit konstitisyonel, ni nan lit pou retou a lod konstitisyonel, yon pep kapab genyen batay pou demokrasi tout bon vre. Wi pep Ian gen dwa goumen pou fe respekte desizyon li, men sel jan li ka fe respekte desizyon li tout bon, se le li fin rache pou- vwa nan men klas reyaksyone yo, le li fin kraze leta reyaksyone a. Nan sans sa, nou solidarize ak mas yo le y ap revandike respe rezilta eleksyon 16 desanm 90 yo, men pou nou menm li kle: eleksyon ak lit politik ki rete nan limit konstitisyon leta reyaksyone a pap janm pemet nou ranpote laviktwa. Yon sel solisyon: revolisyon! Nou dwe depase limit lit refomis lavalasyen yo pou nou adopte sel liy ki ka garanti nou laviktwa a: liy revolisyone a, s^tadi soulevman demokratik popil& ak travay£ kdm potomitan e klas ouvriyd a kom fds dirijan. 3- Nou dwe kenbe vijilans nou byen wo kont tout posibilite entevansyon milite enperyalis yo, nan nenpot ki kondisyon, anba nenpdt ki kouveti, kit se LONI, kit se OEA, e latriye. Nou dwe denonse san ezitasyon tout moun, tout kouran, tout gwoup ki ap pran pozisyon anfave entevansyon milit& etranje nan peyi nou. Fo n byen sonje, yon denye zel kat enperyalis meriken an kenbe nan men li se yon entevansyon milit§ sou preteks re-enstale Aristid, sizoka lot mannigans yo ta vin echwe. Men, menm jan ak nan ka tout entevansyon milite enperyalis, vre objektif ente vansyon an se kase ren lit mas yo e retabli kontwol politik direk enperyalis yo sou peyi an. Nou menm nan I.N.I.P., nou kwe pozisyon ki paret nan 2 deklarasyon yo ka fe nou we byen kle ki kote entere mas popile yo chita nan konjonkti aktyel la. Nou kanpe bo kot tout konbatan ki ap goumen jouk mayi mi pou nou di: Viv lit revolisyone pep ayisyen an anba direksyon klas ouvriye a! Viv travay militan revolisyone ak konbatan pwogresis yo pou yo pote kole san konpwomi, san opotinis ak lit revolisyone a! Viv travay konsekan pou konstwi dganizasyon a tout nivo yo pou dganize solidarite djanm, efektif a revolisyone yo anndan peyi an! Nwayo konbtan revolisyone k ap dirije INIP. DEKLARASYON ORPA NAN OKAZYON 28 JIYE 1992 Zanmi Kanmarad nan emigrasyon an, 28 jiye 1915 - 28 jiye 1992, sa fe 77 an depi enpreyalis meriken an te anvyi peyi d Ayiti pou chita dominasyon li. Nan kad politik enperyalis yo pou pataje monn Ian, enperyalis meriken an te pwofite premye g& mondyal la pou anvyi Ayiti. Kidonk sa fe 77 ane depi enperyalis meriken an ap jwe wol prensipal nan dominasyon enperyalis Ayiti. 28 jiye! Chak ane se yon okazyon pou tout patriyot, tout pwogresis, ansanm ak militan revolisyone yo raple pou tout moun dominasyon peyi an ap sibi a, dives fdm li manifeste kit se nan nivo politik la, kit se nan nivo ekonomik Ian, e segondeman nan nivo ideyolojik la. Se yon moman pou tout patriyot pwogresis, ansnanm ak revolisyone raple tete lang ki gen ant klas dominan yo ak enperyalis yo, ki jan se ansanm y ap reyalize dominasyon an, ansanm y ap prije mas popild yo. Se yon moman pou yo raple wol lame d Ayiti ap jwe depi enperyalis meriken fin mete I sou pye depi pandan okipasyon an. Yo toujou raple ki jan lame d Ayiti a se yon lame okipasyon, yon lame enperyalis yo kontwole e manipile jan yo vie, yon lame k ap fonksyone fondamantalman nan lojik enperyalis Ian menm si konn gen e ap toujou gen kontradiksyon segond6 ki devlope ant yo. Yon lame enperyalis yo toujou ap ranfose e ap oryante. Se yon moman tou, pou tout patriyot ak revolisyone evalye devlopman pozisyon ak pratik yo pou fini ak dominasyon enperyalis yo nan peyi nou. Se yon moman pou nou gade asp§ pozitif ak feblds travay anti-enperyalis la epi apiye sou aspd pozitif yo pou vanse nan lit pou detwone tout enperyalis sou te d Ayiti. 28 jiye 1992: anyen pa chanje, okontre! Dominasyon an ap ogmante. Entevansyon direk enperyalis yo ogmante. Kondisyon pou aplikasyon plan enperyalis yo ap vin pi mi. Nou ka sonje: - Avek eleksyon 90 yo, peyi d Ayiti vin gen yon gouvenman enperyalis meriken an pat rive kontwole. Depi gouvenman an monte, anbasad meriken an ap dirije pratik pou destabilize gouvenman an. Anbasade a jwe yon gwo wol nan pwopagann direk pou destabilizasyon an. - Yo prepare kondisyon kit se nan peyi a, kit se onivo entenasyonal pou debouche sou koudeta 30 sektanm 91 Ian. - Men yo foure tre fon nan koudeta a, menm si an bon ipokrit y ap fe kwe yo pat ladann. - Apre koudeta a, yo sevi ak yon swadizan anbago pou demantibile peyi a e konsa kreye meye kondisyon pou mete plan yo ann aplikasyon. A okenn moman, yo pa kite anbago a kwense ni klas dominan yo, ni lame d Ayiti, ni politisyen reyaksyone ki te deye osnon ki te apiye koudeta a. Men pozisyon yo ak pratik yo sou kesyon anbago a fasilite yo pou yo jwe yon gwo wol nan swadizan negosyasyon pou Aristid tounen yo. - Yo jwe yon gwo wol nan mete Aristid ajenou, fe li fe tout kalite konsesy- on. Konsa y ap vanse nan direksyon objektif yo a: yon peyi Mak Bazen tyoul yo, ap dirije pandan Aristid ta la ak de bra li mare, babouket nan 4 bouch li; men gras a prezans li yo espere y ap ka kontwole mas popile yo pou yo vanse nan plan yo a. - Yo pare teren an pou si objektif sa a pa atenn ndt: yo ranfose lame a militdman pandan swadizan anbago a. Yo kanpe tet kale ddyd latere ak represyon ki blayi sou peyi a. - Yo kreye meye kondisyon pou vanse nan oryantasyon ekonomik yo we pou peyi a. Kriz la pdmdt rebat kat la sou teren envestisman endistriyel yo, e kondisyon yo pi bon pou dirijan ayisyen yo asepte nenpdt ki kondisyon, swadizan pou kreye dydb, rebati peyi. Goud la devalye omaksimdm. Konsa, transfd vald ki sbti nan peyi Ayiti pou ale jwenn peyi enperyalis yo ap ogmante; paske goud Ian devalye, yo ka fd fas a tout ogmantasyon said, epi to esplwatasyon an vin pi gwo. "Ayiti ap vin kon- petitif" jan boujwa ayisyen yo ap mande li a, pandan y ap seye kreye ilizyon nan klas ouvriyd a. - Sou kote tou sa yo deja pare opinyon entdnasyonal la pou nenpdt entd- vansyon militd nan peyi d Ayiti. Yo deja travay pou yo gen patisipasyon divds 161 peyi. Yo deja bati kouvdti yo, pou yo entdvni depi yo jije li nesesd. Men nou dwe byen kid, yo pap janm entdvni pou defann mas popild; yo pap janm entdvni nan enterd peyi a; yo pap janm entdvni pou vin defann yon demokrasi ki ap fasilite avansman lit mas popild yo. Nou dwe byen kid sou sal Si y ap entdvni se pou vin rezoud yon pwobldm y ap eseye rezoud depi fen reny Janklod Divalye a, e ke yo pa ka rezoud san entd- vansyon an jouk jounen jodi a. Si y ap entdvni se pou, sou yon bd, rive kase ren mas popild yo, bloke lit yo pou yon bon tan. Sou yon Idt bd, se pou yo entdvni pi byen nan pote yon solisyon definitif nan kontradiksyon ki gen nan mitan klas dominan yo, restiktire bldk opouvwa a britalman, fd peyi a vanse nan sans yo vie a. Nou menm patriydt, nou menm pwogresis, nou menm revolisyond, nou dwe aprann de tout esperyans nou fd deja yo, tout esperyans mas popild yo sou td a fd ak enperyalis yo. Enperyalis yo toujou kanpe sou kote reyaksyond yo. Wdl yo se elimine patriydt; nou ka sonje Chalmay Peral, Benwa Batravil ak tout Idt konbatan ki mouri nan perydd okipasyon an. Wdl yo se elimine pwogresis, revolisyond ayisyen yo nan yon lojik anti- kominis. Nou ka sonje wdl yo nan represyon ki te gen yon oryantasyon anti-kominis gouvdnman Franswa Divalye a te dirije nan ane 68-69 yo. Nou dwe kid se menm wdl la y ap kontinye jwe. Se menm wdl la yo deside jwe ak lame d Ayiti-Bazen-Lachanm reyaksyone-ak tout kalite opdtinis yo, e pami yo reyaksyond-fo-kominis ki gen Rene Teyodo ak Maks Boujoli nan tdt yo. Se menm wdl la yo pral jwe pou eseye kraze mas yo, konbatan vanyan yo, patriydt yo, pwogresis yo, revolisyond yo, kominis yo, ki deside goumen pou liberasyon peyi a, kont dominasyon yo a. Men, jan nou menm nan ORPA ansanm ak nan MRTA toujou montre li, yo byen konte, mal kalkile! Y ap fd fon kan menm! 5 Kontreman a sa yo vie fe kwe, onivo entenasyonal, kriz la ap anplifye li. Menm si, ak dekonpozisyon blok enperyalis de les la, kondisyon pou pataj monn Ian ap pran yon torn net, I ap fet nan kad yon agravasyon kriz nan peyi y ap repataje yo. L ap fet nan kad yon agravasyon kriz la nan peyi enperyalis yo, agravasyon kriz ki pran yon fom mwen brital ke nan dot moman, men ki anfet pi fon e ki ka trennen plis dega pase anvan. Sou bo mas popile yo, refi oryantasyon dirijan enperyalis yo vin pi fo. E refi sa a ap transfdme li, osnon ap gen pou transfome li an mobiiizasyon kont boujwazi enperyalis yo ak kontinyasyon agravasyon kriz Ian. Transfomasyon sa ap anko pi enpotan si an menm tan revolisyone yo nan peyi enperyalis yo rive jwe wol yo dwe jwe a. Menm si y ap pale de dyalog, konsansis, lit vyolant ki pa mennen okenn kote, nou ka di deye tout pwopagann y ap fe yo, kontradiksyon yo pa diminye onivo mondyal. Okontre, menm si yo chanje fom, nan plizye ka enperyalis yo pa rive jwenn solisyon pou yo. Nou ka annik sonje sa k ap pase nan Kanbodj, sa ki pase nan Nikaragwa. Nan peyi domine yo, kondisyon yo kontinye ap vin pi mi pou devlopman lit revolisyone yo ak patisipasyon klas sosyal ki pi revolisyone yo kom fos prensipal e fos relativman dirijant. Jounen jodi a, enperyalis Ian ap sevi ak kesyon libete, demokrasi, ekonomi mache, pou li pran yon denye souf. Men se tonm li I ap kontinye ap fouye. L ap kreye kondisyon pou mas popile yo sou te a, de fasyon jeneralize fe esperyans e rejte rapid- man oryantasyon enperyalis yo e konsa rive devlope lit otonom yo tout bon vre. Se vre sa pap fet espontaneman. Nou dwe kle sou sa e se la wol tout pwogresis, tout patriyot konsyan, tout revolisyone, an patikilye revolisy one pwoletaryen yo. E wol sa a desizif. Nan ka pa nou an tou, yo byen konte mal kalkile tou. Se vre yo atenn seten objektif enpotan jounen jodi a. Yo rive fe Aristid ak lavalasyen yo pliye e y ap jete baz pou yo itilize yo nan plan yo a. Se vre yo rive travay pou lame a kenbe yon klima represyon ak latere nan yon preyod ki pi long ke tout sa ki te devlope depi 86 yo. Se vre nou rive rantre nan yon peryod refli ase long nan lit de mas yo. Men... Pwoblem fondamantal yo rete antye. Gen kondisyon pou lit yo pete a nenpot ki moman. Tout swadizan solisyon yo vin ak li mande yon klima represyon ak latere pemanan e yo gen gwo difikilte pou kenbe li menm nan moman kote lit yo ba. Sou kote sa, yo pa ka e yo pap ka elimine oganizasyon konsekan yo, kit se sa k ap travay nan nivo demokratik popile a, kit se oganizasyon revolisyone yo. Pandan peryod difisil n ap travese a, lit kontinye, travay politik la kontinye, preparasyon pou yon relansman lit yo sou nouvo baz pi solid ap vanse. Nan zon popile yo, patikilyeman nan gwo vil yo, malgre pwa latere a ak represyon pemanan an, batay la pa janm bloke. Travay politik la te kon tinye e ap devlope. Malgre pwa atantism Ian, malgre efe liy opotinis lavalasyen yo ki fasilite repwodiksyon atantism Ian, nou ka di konsepsy- 6 on kdrek rezistans yo ap pran che pi plis, pratik rezistans yo ap ranfose yo piti piti. Kidonk nan yon konsepsyon kdrek devlopman lit la, baz ap jete pou pase yon Idt vites kelkeswa kondisyon yo. Jounen jodi a, malgre kondisyon difisil klas ouvriye a ap konfwonte, menm si yo pa fe bwi sou sa, ouvriye yo ap lite. Non sdlman gen travay oganizasyon revolisyond yo, travay nou menm nan ORPA k ap kontinye kit se nan kote y ap travay, kit se kote yo rete, men nou dwe di tou gen divds lit k ap devlope. Nou ka pale de lit ouvriye GENACOSA, lit ouvriye STANNDAEKS, lit ouvriye CHANSREL MANIFAKTI, lit ouvriye nan VETEKS, pami plizyd Idt. Malgre efe anbago a, ke yo vie li, ke yo pa vie li, klas ouvriye a ap kontinye jwe wol li abitye jwe nan moman difisil pou devlopman lit demokratik ia. E sa gen yon gwo enpotans nan lit pou fe plan enperyalis yo fware. Men fwa sa a, gen yon eleman nef nan devlopman lit demokratik popile yo. Nan moman difisil n ap travese a, non selman gen remonte lit yo nan mitan ouvriye k ap derape, men sou kote sa gen mobiiizasyon etidyan ak ekolye yo ki gen yon gwo enpotans tou. Se mobiiizasyon sa a ki fe bwi. Karakte direkteman politik li pemet li fe bwi a. Nati li pemet li fe bwi tou. Men nou dwe konsyan malgre kouran opotinis Ian gen yon pwa nan lit sa yo, fwa sa a enfliyans revolisyone yo la tou. Travay pou lit sa yo gen oryantasyon ki pati de entere fondamantal mas yo fet e ap vanse. Kidonk, malgre fayit kouran lavalasyen an ki lage ko li nan negosyasyon- kapitilasyon, lit popile yo ap pran fos piti-piti. Y ap devlope sou yon baz ki pi solid e ki pi dyanm. Sou kote sa travay nan zon riral yo ap vanse tou, malgre gwo gwo difik- ilte ki vini de fos represyon an. Nou menm n ap travay pou ranfosman oganizasyon otonom ouvriye agrikol yo ak oganizasyon ti peyizan yo pou relansman lit yo, e n ap vanse. Se gras a travay sa a, lit k ap fe plan enperyalis yo nan peyi a fware ap pran che. Se gras a travay sa a lit k ap fe plan reyaksyone yo ak tout kalite opotinis k ap ranje ko yo pou yo vin domi sou mas yo nan kad yon retou Aristid ap fware. Jan nou di a, yo byen konte, men gras a travay konsekan k ap fet e ki dwe kontinye fet, n ap montre yo mal kalkile, kit Aristid tounen, kit li pa tounen, kelkeswa wol li ta vin jwe. Nan emigrasyon an, kriz Ian montre nou plizye bagay enpotan tou. Li montre nou potansyel mobiiizasyon ki genyen an. Men nou dwe konsyan tou enperyalis yo we li tou e se youn nan rezon ki fe yo swete itilize Aristid, si li pemet sa fet. Sa ap ede yo kontwole mobiiizasyon sa a tou. Kriz la raple nou gen yon fos enpotan anndan vant enperyalis la. Yon fos ki ka e k ap gen pou frape enperyalis Ian anndan vant li menm. Yon fos k ap ka fe presyon tou sou enperyalis la. Men la tou, fok gen yon liy kon sekan. Yon liy ki pa ni refomis ni opotinis. Nan dives mesaj nou voye pou ayisyen emigre yo, nou toujou montre nan ki oryantasyon yo ta dwe devlope pratik yo. Se seten dwe gen pratik pou soutyen a lit popile yo anndan peyi a k ap gen pou pran dives fom e 7 ladan yo gen gwo mobilizasyon yo. Men gen nesesite konbatan vanyan yo ki nan emigrasyon an oganize yo pou yo pote lit la nan vant enperyalis Ian, ann atikilasyon ak devlopman lit Ian anndan peyi a. Yo dwe byen trese pratik yo ak pratik revolisyone ameriken yo ap mennen Ozetazini a menm. Nou pa dwe tonbe nan okenn konsepsyon folkloris, ideyalis tankou afe 10em depatman an ki an final pa anyen dot ke yon mwayen pou yon sekte nan dwat reyaksyone a kontinye siviv nan emi grasyon an. Nou dwe konsyan nou se de emigre. Batay nou an gen yon seten kon- pleksite. Li dwe akse sou Ayiti, e le sa a li dwe detemine pa lit k ap dev- lope nan peyi a menm nan yon liy ki pati tout bon vre de entere mas popile yo ak travaye yo kdm poto mitan e klas ouvriye a kom fos dirijan. Men tou lit la dwe gen yon lot aks: li dwe yon lit kont boujwazi enperyalis la nan peyi enperyalis Ian menm. Li dwe pati de entere travaye yo nan peyi enperyalis Ian e nan sans sa li dwe byen trese ak lit revolisyond konsekan yo ap mennen Ozetazini a menm. Se pa nan mitan politisyen reyaksyone meriken yo k ap sevi ak nou n ap jwenn solidarite. Menm si n ap jwe sou kontradiksyon nan mitan yo, nou dwe fe li san ilizyon e san okenn f6m opotinis. Solidarite nou dwe konstwi a se solidarite ak mas popile yo nan peyi enperyalis yo. Li mande travay. Men nou dwe fe li san tonbe nan okenn solisyon fasil. Jounen jodi a, nou devan yon nesesite: nou dwe chwazi e bati kan nou ak fos otonbm nou kit se nan peyi d Ayiti, kit se nan emigrasyon an. Se s6l chemen pou nou rive gen fos nesese a pou nou toke kdn ak lenmi nou yo ki yo menm konn kan yo e ap defann li ak tout deteminasyon yo. Nan emigrasyon an, apre gwo mobilizasyon ki genyen sou kesyon retou Aristid la, avek lefet travay pou emigre yo we kle nan tout mistifikasyon yo, e konprann tout bon vre sa k ap pase anba je yo a pa gen fos pou li ta genyen an, nou devan yon gwo danje, kit Aristid tounen, kit li pa tounen. Se demobilizasyon emigre yo parapo a pwoblem peyi d Ayiti, e sitou pwoblem mas popile yo. Nou menm nan ORPA, nou panse konbatan vanyan nan emigrasyon an dwe konsyan de sa e entansifye travay pou kontrekare tandans sa a ki deja ap manifeste li. Pou byen kontrekare li, yo dwe kenbe mobilizasyon an pandan y ap travay pou reoryante li. Men sa dwe mache ak efo pou yo pran kouraj yo ak 2 ponyet yo e bati oganizasyon k ap pemet yo mache sou 2 pye yo: soutni lit popile yo, pote lit Ian anndan vant enperyalis yo nan konsepsyon korek la. Nou panse se sa ki oryantasyon korek la. Nou te deja di li. N ap kontinye lite pou li triyonfe, e nou konsyan lit sa mande lit kont tout fom opotinis kelkeswa kote yo paret. 28 jiye 92! Danje entevansyon an toujou la. Lit anti-enperyalis la rete endispansab e li pa dwe tolere okenn fom opotinis ak kapitilasyon devan enperyalis yo. Li mande femte, li mande entranzijans. San sa se pi feb n ap vin pi feb. 8 Batay la pa fasil, men se nou ki pou genyen li! Pou nou genyen li, se nan pratik difisil yo anpatan de entere reyel mas popile yo sel nou ka e dwe vanse! Ann mare senti nou pou nou fe fas a responsabilite nou kdm sa dwa! Travay emigre yo pa piti, men pou li vanse byen, fok tout konbatan vanyan yo wonp ak tout fom opotinis k ap devore yo sou preteks taktik, souples... Viv lit mas popile yo nan peyi d Ayiti, ak travaye yo kom poto mitan e anba yon direksyon pwoletaryen konsekan! Viv lit emigre ayisyen yo anndan vant enperyalis yo ann atikilasyon ak lit revolisyone yo epi lit demokratik popile yo nan peyi d Ayiti! Viv lit emigre ayisyen yo anndan vant enperyalis yo entegre nan lit global mas popile yo nan peyi enperyalis yo kont boujwazi enperyalis yo! Yon sdl chemen nan peyi d Ayiti: soulevman demokratik popild ki dwe debouche sou revoiisyon demokratik popild anti-enperyalis ak travayd yo kdm poto mitan e anba yon direksyon pwoletaryen kon sekan, direksyon reydl klas ouvriye a! Yon sdi chemen pou emigre yo: reoryantasyon mobilizasyon yo otou 2 aks fondamantal: soutyen a lit popild yo nan peyi d Ayiti pandan y ap pote lit yo anndan vant enperyalis yo, epi travay pou entegre lit yo nan lit global mas popild yo nan peyi enperyalis yo. Tou sa nan yon iespri entdnasyonalis! Tou sa nan yon iespri entdnasyonalis pwoletaryen! O.R.P.A. Oganizasyon Revolisyone Pwoletaryen Ayisyen 26 Jiye 1992 9 DEKLARASYON KOMITE INITE LIT INITE (KILI) SOU KRIZ AKTYEL LA Sa fe 9 mwa deja depi peyi nou an, Ayiti, rantre nan yon kriz tou louv6. Apre yon parantez 7 mwa gouv6nman Aristid-Preval la, klas dominan yo ak enperyalis meriken an okestre yon koudeta ki ranv&se Aristid. Depi lo sa a, peyi a rantre nan faz pi egi kriz I ap travdse a. Depi 30 sektanm, klas reyaksyon6 yo ak enperyalis yo ansanm ak lame a blayi latere ak represyon sou peyi a. Nou ka we men sal CIA nan ede lame reyaksyone a oganize represyon ak latere a. Pou ti-krik ti-krak, lame rantre nan katye popile yo pou fe baleyaj. Si yon solda manke blese, yo fe balewouze. Yo fe sa nan Senmaten, nan Site Soley, nan Tibiwon ak nan dot zon nan peyi an. Fondamantalman, objektif represyon ak Iater6 a se kase ren mouvman popile a. An menm tan tou, represyon ak latere a se yon mwayen pou reyaksyone yo pran souf. Yo vie mete mas yo sou ladefansif pandan y ap travay pou restriktire aparey deta a nan entere yo. Byen konte, mal kalkile. Depi 9 mwa mas popile yo ak konbatan revolisy- one yo, nan limit kapasite yo, fe koudeta a tounen yon fwet kach nan deye klas dominan yo. Nan milye ouvriye an, revi Pwolete a, ogan ORPA, ap fe apel pou pwolete yo relanse lit yo epi tou pou travaye yo rantre nan batay yo pou yo jwe wol potomitan nan oganize rezistans popile a. Lit yo komanse pran che malgre anbago a. Nan inivesite yo ak lekol yo, etidyan yo ak elev yo kanpe pou di NON a koudeta a, NON a solisyon enperyalis yo vie foure nan gagann mas popile yo. Malgre represyon an, sa fe 2 mwa depi lit sa yo ap vanse. Nan zon popile yo ak nan kanpay yo, malgre lame eseye ankadre zon sa yo, mas yo rive reziste. Represyon an pa kraze oganizasyon konsekan yo, menm si yo pran kou. Mobilizasyon an pa janm mouri paske travay politik Ian pa janm sispann. Lit yo ap relanse. Kidonk reyaksyone yo pa atenn objektif yo. Yo pa kapab. Globalman nou ka di: Lit mas popile yo anpeche klas dominan yo ak enperyalis yo mete pwoje yo ann aplikasyon an dous; yon pwoje yo panse ki ta pral pemet yo sot nan kriz la. Depi 86 klas dominan yo ak enperyalis yo bezwen vin ak yon solisyon ki nan entere yo kote mas yo pa ladann. An 86 yo voye Janklod ale; an 87 yo ba nou yon konstitisyon; yon gwo sekte nan mas yo vote pou li ak ed opotinis darati yo. An novanm 87 yo konstate yo pap fin kontwole eleksyon an. Yo pito nwaye li nan san. An 90 yo vini ak yon lot eleksyon anko. Yo fe sa yo kapab pou mas yo pat patisipe epi pou yo te foure Bazen nan lestomak nou. Men la anko yo te mal kalkile: mas yo rantre nan jwet la. Yo gate eleksyon ranje a yo te pare pou peyi a. Aristid vin kwoke nan gagann yo. Men reyaksyone pa bay legen fasilman. Aristid annik monte, yo komanse ap ba li pwoblem, yo komanse ap travay pou mete li ate. Travay la te vin pi fasil pou reyaksyone yo poutet fos opotinis ki te 10 genyen nan gouvenman Aristid-Preval la. Li te fasil tou poutet gouven- man sa a te angaje nan yon liy rekonsilyasyon ant klas yo. Gouvenman an te neglije epi frennen mobilizasyon reyel mas yo nan lit pou vanse e apwofondi konket demokratik popile yo. Gouvenman an te pe mobiliza syon mas yo paske pou li mobilizasyon mas yo te riske ale pi Iwen pase sa limit sa yon gouvenman konstitisyonel li menm ta pemet. Aloske mas yo te pare pou dechouke, gouvenman an te konprann li te kapab pran apui sou konstitisyon an pou li te jije makout kriminel yo epi retire sistem koripson an nan leta a. Aristid deklare tet li "prezidan tout Ayiti". Poutet sa, gouvenman Arisrid Ian t ap mennen yon politik woule m 2 bo. Sou yon bo li t ap mande mas popile yo fe li konfyans, pou mas yo kite gouvenman fe refdm pou yo san mas yo pa oganize pou rantre nan lit sa yo. Sou yon lot bo, gouvenman an te nan tete-lang ak enperyalis yo e reyaksyone yo nan tout kalite kon- pwomi pou li te ka gouvene legalman, tankou swadizan maryaj ak lame a e ako ak FMI an. Travay reyaksyone yo vin anko pi fasil le gouvenman an antoure tet li ak yon paket grenn senk, yon paket djobe. 30 sektanm 91, lame a pete koken, li montre Aristid ke li menm li pat nan maryaj. Lame a mete Aristid ate nan entere klas dominan yo ak enperyalis yo, sou direksyon politik e ak apui materyel yo. Malgre popi- larite Aristid, malgre sipo mas yo bay gouvenman an, politik popilis e opotinis li an pat pemet li bay yon repons kdm sa dwa. Se nan konteks sa a, deyo peyi a, kouran lavalas la vin ap defini e aplike liy pou li tounen nan tet leta a. Potomitan liy sa a se negosyasyon ak mezi pou izole poutchis yo, patikilyeman anbago a. Li enpotan pou nou menm pwogresis, pou nou menm patriydt ki deyo peyi a, pou tout kon- batan k ap soutni epi pote solidarite yo bay mas popile yo ak rezistans popile oganize a, pou tout patriydt konsekan poze tet yo kesyon sa a: ki bo negosyasyon sa yo ap mennen? Koman gade sitiyasyon sa a? Ki reskonsbilite nou? Pou nou fe sa, li enpotan pou nou gade wol enperyalis la ak OEA nan negosyasyon yo, ansanm ak politik Aristid e kouran Lavalas la nan negosysayon sa yo tou. Se nan sans sa a n ap fe kek konsiderasyon rapid sou negosyasyon yo. Pou ki sa gen negosyasyon? Annefe, se pa premye fwa gen koudeta ki fet ann Amerik Latin, men ki moun ki ka sonje ki denye fwa te gen negosyasyon apre yon ekip sang- ine te fin ranvese yon gouvenman? Eske se o Chili? Eske se ann Ajantin? Eske sa janm fet ann Ayiti? Gen plizye rezon ki esplike gen negosysayon, men yo youn pa kore- sponn a jistifikasyon ofisyel yo bay pou negosyasyon yo. Premyeman, gen negosyasyon paske ekip panzouis ki vin opouvwa apre koudeta a te manke fos, koezyon ak inite pou yo te kore koudeta sa a. Pwoblem sa a soti nan divizyon nan blok opouvwa klas reyaksyone ayisyen yo. Yo pa ka antann yo sou ki jan pou yo retire tet yo nan 1 1 kokenn kriz ki ap travese peyi an depi konbyen ane. Yo gen pwoblem pou restriktire alyans ak direksyon alyans reyaksyond yo ak enperyalis yo kont mas popile yo ann Ayiti. Kidonk, yo an konpetisyon youn kont lot pou pran direksyon leta a. Makout panzouis, boujwa konpradd panzouis e gran don panzouis ansanm ak tout lot reyaksyone yo ap twoke kon yo nan lachanm, nan lame, ak nan lot branch aparey represif Ian pou pran direksyon leta a. Yo chak ap cheche sipd enperyalis yo, e poko gen yon ekip ki fin gen ase fos pou pran direksyon alyans ant sangind yo. Si se pat pou feblds sa a, panzouis yo pa t ap menm negosye. Li kid, panzouis yo pa ni kwd nan demokrasi, ni kwd nan konstitisyon. Se enterd tdt yo y ap defann nan negosyasyon yo. Se feblds yo ki mennen yo nan negosyasyon yo, men tou, Id nou kenbe kont de kapasite fds represiv yo pou blayi laterd a sou mas yo, nou ka wd feblds sa se yon feblds relativ li ye. Dezydman, gen negosyasyon paske depi an 1990, tout peyi manm I OEA yo te fin siyen yon akd nan Sanntiago kote yo te deklare dorenavan yo pap asepte koudeta fdt ann Amerik Latin ankd, fdk tout chanjman pouvwa regie nan eleksyon. Kondisyon sa a se yon direktiv enperyalis meriken an mete sou pye pou li garanti dwa li ansanm ak dwa klas reyaksyond yo pou kontinye manipile mas popild yo nan fo eleksyon maskarad, eleksyon malatchonn. Epi tou, se garanti pou I OEA gen dwa entdvni pou pwoteje enterd enperyalis yo, Id bagay yo mal pase pou enperyalis yo ak klas reyaksyond yo, tankou nan ka souldvman popild e nan ka gwo boulvds ak enstabilite. Demokrasi malatchonn sa a ki sdti nan eleksyon telegide yo e ki sdvi ak lame kdm potomitan, se yon gwo pyds nan sa enperyalis meriken an rele nouvo I6d mondyal li an. Se enpdtans prensip sa a nan politik dappiyanp enperyalis meriken an ki mennen I, anba kamouflay I OEA, nan negosyasyon yo. Se rezon sa ki esplike, nan landemen koudeta a, prdske tout eta manm I OEA yo te denonse koudeta a ofisydlman, menm si enperyalis meriken yo te patisipe ladann dirdkteman. Twazyeman, gen negosyasyon paske enperyalis meriken an ap negosye aled anbago a, pou solisyon direksyon leta ayisyen an koresponn pi byen posib a reyalizasyon enterd dappiyanp enperyalis yo. Annefe, presyon anbago a e presyon posibilite retou Aristid Ian pdmdt enperyalis yo negosye ak klas reyaksyone ayisyen yo e patikilydman ekip panzouis yo, pou enperyalis meriken an rive mete yon ekip li fin kontwole ndt nan tdt leta ayisyen an. Se konsa yo rive enpoze Bazen kdm premye minis, menm si yo ka jwe dot kat pi devan toujou. Kidonk, anfet vre negosyasyon yo ap fdt ant panzouis yo ak enperyalis meriken yo, anba chal negosyasyon ofisyel I OEA yo. Enperyalis meriken an rive sdvi ak Aristid kdm yon pyon nan negosyasyon li, kom yon pyds de rechanj li kontwole e li kenbe byen Iwen. Se nan konteks sa a panzouis reyaksyond ayisyen yo ap manevre atrave reprezantan yo nan egzekitif Ian, nan lachanm, nan lame ak nan 12 rds aparey represif yo pou yo sa pran souf, pou yo sa ini tet yo, gras a negosyasyon yo. Fo n pa bliye tou yon lot gwo wdl enpotan negosyasyon yo jwe, ni pou reyaksyone ayisyen yo, ni pou enperyalis yo: negosyasyon yo pemet yo dezamose anpil nan rezistans popile a. E yo bezwen febli rezistans popile a pou yo sa pran souf pi byen, pou pi devan yo ka kraze rezistans popild a netale. Se youn nan objektif ni reyaksyone yo ni enperyalis yo toujou dakd sou li: nesesite kase ren lit mas popile yo. Kidonk, nou ka konprann ki wol negosyasyon-dilatwa sa yo ansanm ak anbago-paswa a ap jwe tout bon vre nan konjonti a. Nou ka konprann tou, pou ki sa politik Lavalas la nan mache nan negosyasyon sa yo se yon politik ideyalis e opotinis. Lavalas la antre nan negosyasyon aldske li pa gen anyen nan men li pou li negosye. Reyaksyone panzouis yo pa gen okenn respe ni pou lejitimite elektoral, ni pou konstitisyon (nou ka pran egzanp koudeta a e tout politik santi ni lame ni lachanm fd apre koudeta a). Sdl fds kouran Lavalas la gen nan men li vreman se li menn presizeman li derefize itilize, setadi devouman mas popile yo pou Aristid e deteminasyon mas yo pou reziste koudeta a e defann dwa yo tet kale. Anfet politik Lavalas la ap febli sdl fds li genyen an tout bon, paske li mete mas popile yo nan chita tann e li derefize fd apel a mobilizasyon rezistans popild a. Annefd, paske Aristid ap kontinye defann pretansyon prezidansydl li, paske nan kad pretansy- on prezidansydl sa a li pa kab paret kdm yon radikal, yon defanse enterd mas popild yo, paske I ap pousuiv yon politik opotinis-ideyalis, li ap fd jwdt enperyalis yo ak klas reyaksyond ayisyen yo. Se rezon sa ki fe n ap denonse politik kouran Lavalas la. Kit Aristid tounen ak babouket nan bouch li nan yon nouvo maryaj ak Bazen e lame panzouis Ian, kit Aristid pa janm tounen, politik opdtinis patisipasyon nan negosyasyon I OEA yo se yon politik ki kont enterd pep ayisyen an. Se sevi reyaksyone yo ak enperyalis yo ap sevi ak Aristid, aldske li kon prann I ap fe yon jwet fen. Se paske anfet Aristid pa gen anyen pou li negosye nan men li ki fd li oblije ap fd konsesyon sou konsesyon, aldske negosyasyon yo tounen dilatwa. Menm dives ananliz ki soti nan kouran lavalasyen an li menm montre kleman ki jan Pwotokol Dakd Wachintonn Ian se yon demisyon total, yon owotokol-trayizon. Nou menm tou, nou panse pwotokol la se rezilta konsesyon ak fds kote Aristid ak ekip li ap fd. Se rezilta opotinis ki karak- terize kouran lavlasyen an. Se rezilta yon konsepsyon politisyen, ideyalis sou oratik politik Ian. Men malgre tout konsesyon sa yo, ki kote nou rive? Poutchis vo ak reyaksyond parey yo kontinye fonse. Sou yon bo, K-plim rnnntre kldman fok Aristid fe plis konsesyon toujou. Poutchis yo ak rpvaksvone vo nan lachanm bloke ratifikasyon pwotokol la. Apre yo fin v/Tni ak nosibilite fowdm nasyonal la ki avote rapidman, yo rive ponn ako tripatjt V°a Dat^y la. E yo vanse nan aplikasyon li. Sa sa vie di: nan sel- man y ap vanse ansanm ak enperyalis yo pou yo reyal.ze omaksimom 13 sa yo pat ka fe 16 desanm Ian. Men yo kreye nouvo kondisyon politik pou fe Aristid fe denye konsesyon yo. Denye konsesyon yo gen 2 aspe ladann: youn se asepte Bazen kom fet akompli, lot la se oubyen asepte Sedras, oubyen, si li endispansab pou enperyalis yo, enperyalis yo ap apiye sou demagoji Aristid k ap montre li pa gen pwoblem ak lame a, se ak chef lame a li gen pwoblem, e le sa a, y ap cheche youn osnon 2 bouk emise nan lame a e kenbe aparey la menm jan ak tout ekip krim- inel yo entegre yo pou kontinye menm travay la: represyon ak latere pou Bazen fe 3 zan edmi a. Nou menm nan KILI, nou pa la pou n ap defini liy pou kouran Lavalas la. Listwa va montre si kouran sa ap rive korije tet li pou defann entere mas yo tout bon vre. Nou menm nan KILI, sel bousol nou se entere mas popile ayisyen yo. Wol nou se denonse tout sa ki mete enters pep la an danje. Wol nou tou se defann tet kale liy revolisyon demokratik popil6 a anba direksyon pwoletarya ayisyen an. Responsabilite nou se pemet plis moun we kle e gade ki kontribisyon yo dwe genyen nan travay mobilizasyon ak dganiza- syon k ap fet nan emigrasyon an. Nan sans sa a, nou ka ensiste sou kdk pwen: Premyeman, se lit otondm mas yo ki pou debouche sou yon mouvman demokratik popile djanm. Politik kouran Lavalas la pa pemet reyalize sa ditou, e nou dwe konsyan de sa. Nou dwe kenbe kont de sa le nou menm konbatan ki deyo a, patriyot ak pwogresis, n ap gade pratik nou dwe fe pou soutni lit mas popite yo. Dezyeman, klas dominan yo ak enperyalis yo ap travay pou yo pran nou sou fyel patikilyeman nou menm emigre yo. Nou anfas yon gwo danje, se demobilizasyon ak dekourajman emigre yo apre gwo mobilizasyon yo te genyen pou denonse koudeta a e reklame retou Titid. Nou dwe travay pou konprann sitiyasyon sa a. Se tout pwogresis, tout konbatan kon- sekan ki nan emigrasyon an ki pou pran responsabilite yo an men. Nou dwe travay pou nou bare wout pwoje enperyalis yo ansanm ak klas dom inan yo genyen pou peyi nou an. Nou pa dwe kite yo ap dekouraje nou pandan yo menm y ap travay pou kwoke pwoje yo nan gagann nou. Nou dwe kontinye mobilize, oganize sipo pou lit mas yo. Twazyeman, kriz peyi an ap travese ap kontinye vin pi fon chak jou. Solisyon Bazen an pap mennen okenn kote. Lit popile yo pa mouri mal- gre represyon ak latere a. Kondisyon pou lit yo relanse kontinye ap ogmante. Nou menm nan emigrasyon an, n ap gen pou jwe yon gwo wol soutyen an fas relansman lit sa yo. N ap gen pou soutni konbatan revolisyone k ap devlope altenativ revolisyone a nan mas popile yo. Lenmi an deklare nou lage, se pa nan negosyasyon tet chat n ap ka fe li sispann. Okontre, li sevi ak negosyasyon tet chat yo pou li kontinye travay kase ren mas yo pi byen. Nou dwe rantre nan lage ak yo ak yon liy politik korek, oganizasyon djanm, ak bon jan rezistans popile epi bon jan solidarite ak rezistans 14 popile oganize an. Patriyot konsekan yo nan emigrasyon an dwe akse solidarite yo sou rezistans popile oganize mas popile yo ak travaye kom poto mitan li. Nou dwe pote solidarite nou a lit pou revolisyon demokratik popile ak travaye kom poto mitan. Se sel chemen pou nou debouche sou konstriksyon yon sosyete kote se entere mas popile yo ki ap reyalize tout bon vre. Nou menm patriyot nou dwe kle klas dominant yo ak leta reyaksyone a pa dako pou nou monte sou tab la ak yo. Nou menm nan KILI nou kwe: Yon sel solisyon se revolisyon. Nan KILI, nou panse chemen revolisyon an rete nan relansman lit mas yo, e relansman sa a rete sou do konbatan andedan peyi a, li rete sou do oganizasyon revolisyone maksis-leninis yo, oganizasyon revolisyone yo. Kidonk, nou menm emigre yo, responsabilite pa nou se pote kole ak lit sa yo, kit se nan nivo materyel, kit se nan nivo politik Ian. Deyo a, nou dwe travay pou solidarite sa a efektif, konsistan e fonksyonel. Andedan peyi an, konbatan yo bezwen tout kalite zouti pou fe lit mas yo vanse, donk se responsabilite nou pou pote kole ak yo. Tach presan nou se oganize solidarite a san trennen. Nou menm nan KILI, nou dako ak pozisyon ORPA, kote I ap travay pou yon soulevman demokratik popile, ak travaye yo kom potomitan e klas ouvriye a kom fos dirijan, ki dwe debouche sou yon revolisyon demokratik popile. Jan nou deja di: Yon sel solisyon: revolisyon! Negosyasyon tet chat yo se dilatwa! Aba lame reyaksyone a! Fdk nou kraze lame reyaksyone a! VIV TRAVAY OGANIZASYON REVOLISYONE YO POU REVOLISYON DEMOKRATIK POPILE A! VIV TRAVAY SOLIDARITE DJANM NAN EMIGRASYON AN! K.I.L.I. Komite Inite Lit Inite Out 1992 15